Pas encore inscrit ? Creez un Overblog!

Créer mon blog

Les meilleures communautés : un seul Dieu, un seul baptême et une seule eglise

iglesia de jesus cristo en la biblia creemos

iglesia de jesus cristo en la biblia creemos

Sijè: yon sel legliz, yon sel Bondye, Yon sèl batèm Matye 16: 13- Jezi di foul moun yo ki moun yo di mwen ye? 14 Yo di: ou se Eli, ou se Jeremie, ou se jean-baptite, osinon yonn nan profèt yo. 15 Jezi di: E Nou menm apot yo ki moun nou di mwen ye? 16- Pye reponn ou se kris pitit Bondye vivan an 17- Jezi pran pawol, li di : se pa chè ak san (konesans lom) ki fè sa pouw men se papam ki nan syel la ki fè sa. 18 -Jezi di : ou wè ou se yon woch pyè, se sou woch saa map bati legliz mwen an, (sou revelasyon saa se pa sou kò pyè men sou pawol pyè di a) menm peyi kote lanmo ye a pap gen pouvwa sou li . 19 Map baw kle peyi wa ki nan syel la saw mare sou tè a lap mare nan syèl la tou e saw de mare sou tè a lap demare nan syèl la tou. Travay 15. Vesè 14 Simon rakonte koman Bondye voye zyel sou nasyon yo poul pran yon pep ki pou pote noml. Sa vle di legliz la pa dwe gen lot nom. Tout legliz ki gen lòt nom, yo fo, yo pa vwè, se pa Bondye ki mete yo, legliz saa Bondye mete a gen senk (5) don ministè andedanl se pa paske yon moun vle dirije legliz la, men se paske Bondye vle, li bay moun don li vle, don li merite. Bondye pa bezwen èd nan men moun, travay 17 vèsè 24-25 Kisa yon don ye? efezyen 4 : 10-11. Se yon kado yon gran paran fè ak moun ki eritye nan fanmi an. Bondye bay moun li vle don pou dirije legliz li. 1 korentyen 3 : 10-11 selon gras Bondye fèm mwen poze fondman an tankou yon achitek de bon konprann, yon lot moun ap bati sou li men se poul veye jan lap bati a paske pa gen moun ki ka mete yon lot, li deja la se Jezi kri. Jezi kri se tèt legliz la. Kolosyen 1 : 18. Li se tèt siprèm legliz. Legliz saa fanm pa ge dwa dirijel 1 korentyen 14 vese 33- 37tankou sa fèt nan tout legliz pep Bondye a fanm pa fet pou pale si yon moun kwe li se profèt ou byen li gen kek enspirasyon ki soti nan Bondye se poul rekonèt sam ekri la se yon lod ki soti nan Bondye. 1 timote 2 vese 11-12 mwen pa bay fanm dwa montre pèsòn anyen. Sentsèn nan yon sel koup, yon sel pen ak lavman de pye. Si Bondye pa voyew li pa mandew sèvis. 2- Yon sel Bondye. Mak 12 vèsè 29 tande izraèl segnè Bondyew la se yon sèl Bondye. Li pa 2 li pa 3 se yonn poukisa tout fo entèpretasyon sa yo? 1 jan 5 vesè 20 nou konnen pitit Bondye a vini poul ban nou entèlijans poul fè nou konnen verite e nou nan verite a, pitit li Jezi kri. Se li menm ki se Bondye verite a e la vi ki pap janm fini an. 3- Yon sèl batèm. Matye 28 :19. Al fe disip pou mwen nan tout nasyon batize yo nan nom papa a, pitit la ak sentespri, vesè 20 apre sa ansenye yo obsève tout sam te montre nou. Li pa di ansenye avan non apre batèm nan montre yo sam te di nou, klas batèm pa nan bib la. Se fo pastè yo ki metel. Pouw al preche levangil fòk ou konnen nom Bondye. Papa pa yon nom men se yon tit apropriye de yon moun. Pitit pa yon nom men se yon tit apropriye de yon moun. Sentespri pa yon pèsòn men se yon fòs kew pa ka wè men ki aji pa pisans. Jezi kri di disip liyo pa ale, rete tann mwen nan jerizalem lik 24 vesè 45 a 49. li ouvri lespri yo pou yo konprann pawol la. Li leve apre twa jou. Repantans avek padon peche dwe preche nan non kris la. komanse nan jerizalèm. Nou se temwen bagay sa yo. Map voye lespri papam te pwomet la ban nou men rete tann mwen nan jerizalem jiskaske nou resevwa lespri sen ki soti nan papa a. sa vle di se lespri ki dwe vin fè travay saa selon jan sa te fèt nan jou pannkot la. Jan 15 vesè 26 le lespri a vini lap rann temwanyaj de mwen. Jan 16 vese 12-13 mwen gen anpil bagay poum di nou men nou poko ka pote yo kounye a. Men lè lespri a vini lap di nou tout virite a. Nan jou pannkot la, lè lespri a vini, li te ban nou nom Bondye nan travay 2 vesè 38. batem nan dwe fèt nan nom Jezi kri, travay 4 : 12 pa gen lot nom ki ka sove moun e ou kisa wap fè toujou frem sem pran Jezi kri e sove nanm ou nan mond saa. Ke Bondye beni nou pou konprann nou nan pawol la. Mwen sou sinye, si yon legliz ki pa gen pwensip sa yo, li poko legliz pa kris. Jedonic Dorival Dyalòg ouvèt a tout moun ki ka demanti, oubyen tann jijmanw. Rele kounye a pouw diskite kelkeswa pwen doktrin de legliz. Cel 8498680747- 849259667

Gérée par Jedonic Dorival